https://archive.org/details/nan-yon-bat-je
Nan Yon Bat Je by Edenne Roc; Jak Estefèn Aleksi (Jacques Stéphen Alexis)
Topics
#HaitianCreole, #Kreyòlayisyen, #Kreyòl, #woman, #Lespaceduncillement, #literatiayisyen, #literatiKreyòl, #womanAyisyen, #Ayiti, #Kiba
«Elkotcho, yon militan kiben oblije kite peyi l pou rezon politik vin abite Ayiti. Li twouve l ap travay kòm mekanisyen nan yon izin blan meriken ap dirije. Yon lòt kote, Laninya Estrilita, yon kibèn kite Kiba vin pratike bouzennay an Ayiti nan yon ba kote sòlda meriken vin pran plezi, pase swaf seksyèl yo. De pèsonaj sa yo ki se te de amourèz lè yo te piti, rankontre nan yon ba Pòtoprens ki rele ‹Sansasyon ba›. Rankont sa a pral deklannche yon istwa lanmou ekstraòdinè kote senk sans mesyedam yo ki t ap dòmi reveye epi kreye yon sizyèm sans ki depase tout lòt sans yo. Istwa damou sa a dewoule nan mitan tout pwoblèm egzistansyèl moun sou latè ka viv : eksplwatasyon moun kont moun, ekplwatasyon peyi kont peyi, trayizon, rasis, prejije, melanje ak divès kalite relasyon santimantal chaje ak imanite : renmen, zanmitay, fratènite ak solidarite. Pèsonaj yo t ap milite, yo chak bò kote pa yo, nan fason pa yo, pou imanite ak lanmou pran kontwòl eksplwatasyon. Rankont yo de a ansanm ouvè wout rèv yon realite ekstraòdinè ki se libète ak byennèt pou tout moun.»